Ayiti-Manifestasyon: lapolis lage yon bonbòn gaz lakrimòjèn nan dèyè pikòk "Radio Pacific" pandan mach pasifik etidyan yo
Nan moman manifestasyon ke étidyan nan plizyè branch nan inivèsite Leta tap fè jodi mèkredi 10 fevriye a, kont yon regim diktati yo wè ki sou wout pou tounen nan peyi. Lapolis te san pitye pou jounalis yo.
Lapolis voye yon bonbòn gaz lakrimojèn nan dèyè pikòp Radyo pasifik, ki te gen anpil jounalis lòt radyo ak medya an liy ladanl, pandan yo ap egzèse profesyon yo pou kouvri mach pasifik ke etidyan yo tap fè. San jistifikasyon lapolis atake yon dezyèm fwa laprès. Kote semèn pase, sou Chanmas la pandan yon mouvman kèk militan pròch opozisyon an tap fè pou mande depa prezidan "Jovenel Moïse" ki fini daprè atik 134-2 kontitisyon an ak atik 29 lwa elektoral 2015 lan.
Zak ke jounalis yo ap sibi jounen jodia, remonte depi sou rejim "Duvalier" yo. Kote anpil jounalis te konn viktim e sibi an menm tan pèsekisyon.

Aucun commentaire