Informateur Haïti: "longue vie" nan mwens ke 24 trèd tan domine tout platfom an liy yo
Jan randevou an te kase a, kote rapè vil Leyogan nan Chouchou pèp Ayisyen an wendy te anonse yon nouvo mizik depi jedi 4 fevriye a. ki gen pou tit "longue vie" pat pran tan pou te kraze rezo sosyo yo nan mwen ke 24 èd tan.
Estatistik sou videyo a
Mizik sa ki soti yè a 3zè,3minit, 3 segond nan laprèmidi madi 9 fevriye a. Getan gen plis pase 400 mil moun ki gadel sou YouTube nan mwens ke 24 trèd tan. Gen plis pase 30 mil kòmantè anba videyo a, plis 49 mil like pou videyo a. Estatistik sa yo se nan moman nou t ap ekri atik la.
Reyaksyon kèk atis ak pèsonalite piblik sou mizik la
Anpil reyaksyon tonbe bò kote anpil atis gwoup konpa, anpil rapè, animatè ak lòt pèsonalite piblik. Nou te ka li nan yon pòs ke atis " Andy Beatz" fè << sa ki fèm plezi se ke omwen gen yon atis Ayisyen nou bay menm love ak kek atis entènasyonal! M ret kwè ke lè anpil lòt atis lokal ta fè efò poul gen kè fanatik li konsa mizik nou ap rive pi lwen>>! Menm jan ak Andy Beatz jounalis Radio "Métropole" lan "Gregory Bleu-Ciel ki anime emisyon "billboard event" fè konnen ke << Wendy se pa Atis ayisyen ki gen plis talan m tande men lanmou frèm ak sèm yo pou li enpiran. M panse misye bay anpil Atis anvi jwenn lanmou san kondisyon za. Dènye moun Ayisyen te renmen konsa rele Aristid Mèsi Wendyy gras ak ou m ka di Lanmou ekziste toujou sou ti Zile sa>>.

Kijan fanatik yo reyaji ak kèk atis ki pale mal de mizik la
Jan nou ka remakel la depi lontan sou tout rezo sosyo yo ckak sòti Wendy fè, "Chinwa"yo toujou kanpe dèyèl malgre tout tan ke li te fè pat janm parèt nan sektè mizikal la. Chinwa yo non fanatik rapè a, pat pran tran pou te lanse kanpay dezabone sou kont Instagram atis "kolonelfreez" paske li sanble pa ta apresye denye mizik atis la.
Yon lòt kote, wendy bay tout fanatik li yo( Chinwa) randevou ak li pou yon "live" sou kont instagram li a 3è nan laprè midi pou vinn pale ak yo de lòt pwojè li genyen.

Aucun commentaire