Dapre Valéry Numa, radio Vision 2000 jodi a, se on mouche blan meriken ki rele Daniel Witman, ansyen responsab USIS nan anbasad amerikèn 1999 a 2001 ki te òganize tout koze a.
Se pat on koudeta, se pat on montaj nonplis.Wi te gen on operasyon pou enstale on jij nan palè a.Depi plizyè mwa, li kontakte moun nan tout kan, pouvwa, opozisyon, sosyete sivil, dwa moun. Poy patisipe nanbon operasyon ranplasman Jovenel san fraka
Pifò moun yo li pa rankontre yo fasafas, li fè yo konprann lap pale nan non depatman deta.Misye ba yo garanti tonton Sam konn sa kap fèt la, li jwenn moun ki dakò pou fè bagay yo an echanj pou pòs
Youn nan entèlokitè li se te Marie Antoinette Gauthier ki se sè enspektris jeneral lapolis la, yo pwomèt li gwo pòs, li kontakte plizyè moun. Gen moun ki di l bagay sa a gen prizon, li gen lanmò ladan. Gen moun ki pale ak enspektris la, yo di l pou l ede sè a sou plan sekirite, se sak fè li vin antre nan bagay la, limenm li ta pral gen gwo pòs nan palè.
Vin gen 3 majò jon, jij Dabrezil ki tap vin prezidan, Marie Antoinette Gauthier premye minis, Mario Beauvoir minis jistis
Anpil nan moun yo arete yo, pat vrèman nan konplo, se fanmi, se pwòch jij la
Espas kote yo arete yo se la yo te chwazi pou lojistik kesyon an. Echanj ant Dimitri ak enspektris jeneral la se bon bagay.
Marie Louise Gauthier menm jan ak anpil Ayisyen pran nan kou a paske se blan ameriken...
Marie Louise Gauthier vin kwè se bagay serye vre, nayivman.
Espas sa a, se kote anpil gwo chèf konn ale la deja, pouvwa abte konnen bagay depi on bon ti tan yo kite l mache epi.
Epi plan an mache jiskote pou yo kenbe yo.
Òganizasyon dwa moun yo pale ak moun yo, mèt Dabrezil reponn wi li te reponn pozitif pou ranplase prezidan an, menm diskou a li asime.

Aucun commentaire